Lingua   

Fò Dimanch

anonimo




Pou lonè tout Ayisen yo
maspinen, masakre,
matirize, pou respe
tout Ayisyen yo toufe,
toufounen, loupizi nan
kalfou tanmo.

Yon vwa, deux vwa,
trois vwa, anpil vwa
fomn ansanm nan kriye
ansanm pou deklare
ansanm san pral
mande ansanm lan.

Pou manman ki pèdi pitit.
Pitit ki pèdi papa,
papa ki pèdi frè,
frè ki pèdi sè pa
pèdi les pwa
nan fenwa des espwa.

Pou kouzen ki pèdi kouzin,
kouzin ki pèdi fanmi,
fanmi ki pèdi zanmi.
Pou tanbou padon ki
pa geri maleng men ki
touye ne doulè toujou bat
pou bat da da la soufrans.

Pou flè dèy souvni fleri nan
jaden memwan pu san inosan
koule nan zorey jen.
Pou odè doulè malè
boujonnen nan siman touman,
pou zantray tray pase tout ray
sou miray ay, ay, ay-ay-ay.

Kidonk. Nan non tout
pèp la alawonnbadè.
Se pou Fò Dimanch
ak teritwa ki viwonnen!
Lan tounen Propriyete pèp la.
Propriyete ki rele la.
Chèmèt chè mètrès.

Fò Dimanch (x5)
ki te yon lanfe,
va tounen yon paradi.
Yon paradi pou pitit
pèp la al respire pafen lavi
pafen onè respè.

Fò dimanch (x5)
ki te yon labatwa kraze
zo va tounen yon lekòl patriyotik.
Yon lekòl patriyotik
pou pitit pèp la lave je yo,
pirifye lespri yo, foubi konsyans yo.

Fò dimanch (x5)
ki t ap souse lavi
vaponpe lavi
nan yon gwo liv lavi
ki pote non viktim no yo.

Pou lonè. Pou respè, fok sa fet.
Pou nou fe fet nan
yon Ayiti ki fek fet.
Pou nou fe fet nan
yon Ayiti ki fek fet.
Pou lonè. Pou respè, fok sa fek fet.



Pagina principale CCG

Segnalate eventuali errori nei testi o nei commenti a antiwarsongs@gmail.com




hosted by inventati.org